Anpil moun te move kou kong nan Kongrè Lèzetazini an mèkredi 1e novanm 2017 la nan moman senatè ameriken yo tap poze reprezantan konpayi Facebook, Google ak Twitter kesyon san pran souf konsènan Larisi ki te itilize platfòm 3 konpayi teknoloji sa yo pou simaye enfòmasyon nan fo mamit nan kanpay prezidansyèl 2016 la.
Reprezantan Facebook, Google ak Twitter di yap fè tout efò posib pou anpeche mòd enjerans sa yo fèt yon lòt fwa ankò. Prezidan komisyon sèvis ransèyman Sena a, Richard Burr, repibliken eta Kawolin di Nò a, di: "Nou dwe fè yon pi bon travay pou pwoteje pèp ameriken an, e , franchman, pou pwoteje tout moun kap itilize paltfòm ou yo anba kalte manipilasyon sa a."
Bò kote pa l, Senatè demokrat Kalifòni Dianne Feinstein di limenm: " Mwen pa kwè ou byen konprann mwen, sa nap abòde la a, se yon gwo kokenn chanjman, kote yo gwo puisans etranjè ki gen kapasite sofistike pou fè enjerans nan yon eleksyon prezidansyèl Ozetazini epi simaye mezantant ak konfli nan mitan tout nasyon an. Dapre Senatè Feinstein, se konpayi medya sosyal yo ki pote responsablite pou materyèl moun pibliye lakay yo.