Sa ke yon dirijan wo-plase nan Pati Demokrat la te pran pou yon tantativ pou pirate sistèm enfòmasyon pati a, yo reyalize sete yon senp tès sekirite.
Gwo dirijan Demokrat la admèt erè a yon jou apre responsab yo nan pati a te fè konnen yo repouse yon atak piratri sou sit entènèt pati a.
Otorite a fè konnen katye jeneral pati a aprann ke Pati Demokrat la nan Michigan te fè tantativ la san li pat avèti pati a ni platfòn entènèt ki gen tout enfòmasyon yo. Dirijan pati a te enfòme ajans nouvèl Associated Press sou kesyon anmen li pa vle pou non l site.