Accessibility links

Breaking News

Lachin Prè pou Negosye ak Etazini Apre Dènye Sanksyon Komèsyal yo


Nan foto sa a ki soti 12 jiyè 2018, moun kapab wè yon machin kap pase konte ki gen anpil konntenè , youn nan yo sanble machandiz ki soti Lachin. Long Beach, Kalifòni.
Nan foto sa a ki soti 12 jiyè 2018, moun kapab wè yon machin kap pase konte ki gen anpil konntenè , youn nan yo sanble machandiz ki soti Lachin. Long Beach, Kalifòni.

Lachin fè konnen li enposib pou l fè chita-koze komèsyal ak Etazini pandan gen yon nouvo seri tarif ki an vigè.

Etazini enpoze taks sou 200 milya dola machandiz chinwa, e Peken enpoze yon seri tarif sou 60 milya dola machandiz ameriken, ki tanmen yè lendi 24 septanm 2018 la.

Nouvo taks ameriken yo kouvri plizyè milye pwodui ki fèt an Chin, pami yo pwodui elektwonik, manje, zouti ak aparèy menaje. Nouvo tarif yo ap koumanse nan 10 pousan, e apre sa yo pral monte nan 25 pousan premye Janvye 2019. Pami nouvo atik ki anba nouvo tarif ke Lachin mete sou pwodui ameriken, gen gaz natirèl ki transfòme an likid.

XS
SM
MD
LG