Accessibility links

Breaking News

Lachin Reyaji sou Desizyon Etazini Pran pou l Ogmante Tarif sou Pwodui Chinwa


Yon bank nan peyi Lachin kote moun kapab wè yon kachye kap konte lajan chinwa. Foto 23 jiyè 2018.
Yon bank nan peyi Lachin kote moun kapab wè yon kachye kap konte lajan chinwa. Foto 23 jiyè 2018.

Lachin avèti madi 2 out 2018 la a ke tarif li yo ap "sèlman sèvi pou fè mond la desi" pandan administrasyon Trump la menase pou l ogmante tarif yo rive nan 25 pousan sou 200 milya dola machandiz chinwa k ap antre Ozetazini.

Prezidan Trump te mande Reprezantan Etazini pou Komès Robert Lightizer pou l konsidere moute tarif yo ki te nan 10 pousan pou rive nan 25 pousan.

Etazini atire yon repons di bò kote Lachin, antwòt yon menas pou l reponn kif-kif pou l defan enterè chinwa, komès lib ak lòd mondyal la.

XS
SM
MD
LG