Accessibility links

Breaking News

Etazini Akize Lachin pou Konfli Komèsyal kap Devlope ant 2 Peyi yo


Yon dam nan yon makèt ki gen yon mayo sou li ki pote non pwodui ki soti Ozetazini. Foto : 23 mas 2018, Peken, Lachin.
Yon dam nan yon makèt ki gen yon mayo sou li ki pote non pwodui ki soti Ozetazini. Foto : 23 mas 2018, Peken, Lachin.

Administration Trump la fè konnen se Lachin ki responsab pou gè komersyal kap vale teren ant Washington e Peken, akoz pratik enjis lp aplike kont Etazini.

Yon gwo responsab ekonomik nan Lamezon Blanch deklare, jedi 5 avril 2018 la, yo poko kòmanse aplike okenn mezi, e sitiyasyon an difisil pou Etazini, e sa pa kapab kontinye.

Achtè ameriken abitye jwenn likidasyon nan magazen, espesyalman sou machandiz ki soti an Chin tankou rad, aparèy elekwonik ak divès lòt atik moun bezwen pou kay. Kounye a, tansyon komèsyal ki egziste ant Etazini ak Lachinn nan kapab lakoz likidasyon sa yo disparèt nan magazen yo.

XS
SM
MD
LG