Accessibility links

Breaking News

Rex Tillerson: "Pa Gen Mezantant ant Prezidan Trump ak Xi sou Kore di Nò a"


Prezidan ameriken an, Donald Trump ak Prezidan chinwa a, Xi Jinping apre yon rankont sou echanj komèsyal 2 lidè yo nan Peken, 9 novanm, 2017.
Prezidan ameriken an, Donald Trump ak Prezidan chinwa a, Xi Jinping apre yon rankont sou echanj komèsyal 2 lidè yo nan Peken, 9 novanm, 2017.

Sekretè Deta ameriken an, Rex Tillerson fè konnen, "Pa gen okenn diszagriman ant Etazini ak Lachin apre chita pale Prezidan Donald Trump te fè ak tokay li Xi Jinping nan Peken."

Sekretè deta Tillerson ki twouve l nan kapital peyi Lachin nan ansanm ak Prezidan Trump tap pale ak repòtè yo apre rankont bilateral 2 lidè te genyen sou dosye nikleyè Kore di Nò a ak sou echanj komèsyal. 2 idè yo te pale tou dwa zimen, diskisyon sou lanmè ki o sid Lachin nan.

Pou Prezidan ameriken an, Donald Trump, gen pwogrè ki fèt nan rankont li fè ak lidè chinwa a Xi Jingping nan Peken sou pwogram misil balistik ak pwogram nikleyè Pyongyang nan.

Prezidan Trump di "Mond sivilize a dwe pote kole pou konfwonte menas Kore di Nò reprezante a." Prezidan chinwa a, Xi Jingping bò kote pa l presize peyi li a pa pare pou l dirije demach pou fòse Pyonyang abandone anbisyon nikleyè li yo.

Pandanstan, pèson poko konnen kijan Prezidan Donald Trump ak tokay chinwa li a, Xi Jingping, defini wòl yo chak ap jwe nan dosye Kore di Nò a, sepandan lokatè Mezon Blanch la ta sanble abandone pawòl li te di anvan kòmkwa "si Lachinn deside pa bay konkou l sou kesyon nikleyè Pyongyang nan, enbyen Lèzetazini pare pou l pase alaksyon pou kont li."

XS
SM
MD
LG