Accessibility links

Breaking News

Kongrè Etazini an Apwouve yon Rezolisyon ki Denonse rasism, ekstremism, anti-semitism nan Peyi a


 Lese frape ant manifestan blan sipremasis ak anti- rasis yo nan Charloteesville, Virjini. 12 out 2017.
Lese frape ant manifestan blan sipremasis ak anti- rasis yo nan Charloteesville, Virjini. 12 out 2017.

Vòt sa a vize yon gwoup nasyonalis blan ki te òganize yon manifestasyon kont minorite yo nan vil Charlottesville, nan Eta Virjini, nan nwa d out pase a.

Ozetazuni, tou le 2 chanm kongrè a apwouve yon rezolisyon ki mande Prezidan Donald Trump leve kanpe piblikman kont gwoup kap apiye rasism, ekstremism, anti-semitism epi pou l denonse gwoup sipremasis blan kap opere nan peyi-a.

Chanm Depite ameriken an pase rezolusyon an nan jounen madi 12 septanm 2017 la, yon jou apre sena a te apwouve li. Kounye a dokiman an pral jwenn Prezidan Trump ki te resevwa gwo kritik pou fason li te reyaji devan zak vyolans moun te komèt nan yon manifestasyon yon gwoup nasyonalis blan te mete sou pye nan vil Charlottesville, nan Eta Virjini, nan mwa pase a.

Se Senatè Mark Warner, (Demokrat Eta Virjini), ki te patwone pwopozisyon-lwa a avèk apui yon gwoup palmantè ki te gen ladan n Demokrat ak Repibliken --tankou Senatè Tim Kaine ak Richard Blumenthal (2 Demokrat) epi Cory Gardner, Johnny Isakson ak Lisa Murkowski, ki se 3 Repibliken.

XS
SM
MD
LG