Depatman Deta ameriken pibliye yon alèt kont vwayaj sitwayen ameriken nan peyi Bolivi, paske, daprè yon deklarasyon Depatman an fè parèt jedi 12 out la, akoz sitiyasyon sekirite a ak relasyon sosyal yo pa finn bon nèt nan divès rejyon peyi a.
Deklarasyon an kontinye pou l di gwoup lokal ak lòt segman sosyal nan rejyon tankou Potosi, Oruro ak U-you-ni, ap pwoteste kont gouvènman bolivyen an akoz yon mezantant sou lizyè fontyè ki separe rejyon sa yo, mete sou akizasyon moun yo lage sou do otorite,yo deske yo pa respekte pwomès yo te fè pou yo pote devlopman nan rejyon sa yo.
Daprè deklarasyon an toujou, moun kap powteste yo enstale barikad ki bloke plizyè milye vwayajè depi 16 jou déjà –pami vwayajè sa yo genyen dè santèn de touris. Konsa, manje, dlo ak medikaman se bagay moun jwenn an kantite limite nan rejyon deklarasyon an site yo.