Accessibility links

Breaking News

Presizyon Kòmandan Lame Amerikèn nan sou Chanjman nan Rekritman Moun ki Chanje Sèks yo


De goch a dwat, Jeneral Joseph Dunford, Mins Defans Jim Mattis, and Sou-Sekretè Defans ak Chèf Ofis Finansye David Norquist pandan yo tap temwaye devan komite sou dosye lame a nan Chanm nan, Capital Hill, 12 jen 2017. Washington. (Foto/APAlex Brandon)
De goch a dwat, Jeneral Joseph Dunford, Mins Defans Jim Mattis, and Sou-Sekretè Defans ak Chèf Ofis Finansye David Norquist pandan yo tap temwaye devan komite sou dosye lame a nan Chanm nan, Capital Hill, 12 jen 2017. Washington. (Foto/APAlex Brandon)

Daprè kòmandan wo eta majò fòs zame Lèzetazini yo, jeneral Joseph Dunford, poko gen chanjman nan anwolman sòlda ki chanje sèks yo, malgre anons prezidan Donald Trump ki di le kntrè.

Ozetazini, pi gwo otorite nan lame amerikèn nan fè konnen poko gen chanjman nan politik enstitisyon an konsènan sòlda ki chanje sèks yo malgre anons Prezidan Donald Trump fè sou kont Twitter pou l di gason ki tounen fi oubyen fi ki tounen gason pap ka sèvi ankò nan fòs zame yo nan kèlkeswa branch la.

Kòmandan Wo Eta Majò Fòs Zame Lèzetazini yo, Jeneral Joseph Dunford, ekri yon memo ki rive jwenn La Vwadlamerik kote li di:

“Pa pral gen okenn chanjman nan politik rekritman ki an plas kounye a toutotan minis defans la, Jim Mattis, pa resevwa yon direktiv sou kesyon an nan men Prezidan Trump e toutotan Minis Mattis pa bay yon mach-a-suiv sou fason pou nou mete chanjman yo ann aplikasyon."

Pòtpawòl Jeneral Joseph Dunford, kapitenn la marin de gè Greg Hicks, fè Lavwadlamerik konnen se nan matine jounen jedi 27jiyè 2017 la jeneral Dunford voye memo a bay tout chèf sèvis lame a, tout kòmandan yo ak tout lidè sòlda ki fèk anwole yo.

XS
SM
MD
LG