Accessibility links

Breaking News

Lèzetazini Reyaji Sou Kriz la ann Ejipt


Robert Gibbs (AP Photo/Charles Dharapak)
Robert Gibbs (AP Photo/Charles Dharapak)

Lèzetazini rejte desizyon Prezidan Hosni Mubarak pran pou l fòme yon nouvo gouvènman nan moman gwo manifestasyon ap dewoule kont li.

Daprè Washington, sitiyasyon ki prezante la a ann Ejipt se yon sitiyasyon ki mande aksyon, e non pa nominasyon nouvo minis. Pòtpawol La Mezon Blanch la, Robert Gibbs --ki tap abòde dosye a madi 31 janvye 2011 la-- fè konnen: " Lèzetazni mande yon chanjman ki kapab pèmèt peyi a fonksyone", men misye Gibbs pa di si Prezidan Mubarak fèt pou kite pouvwa a.

Pòtpawol Mezon Blanch la pale konsa nan moman Washington t ap voye yon ansyen anbasadè nan Lekèr, Frank Wisner, ale ann Ejipt pou l fè presyon sou Prezidan Mubarak pou l fè chanjman demokratik.

Otorite yo nan Le Mezon Blanch di Lèzetazini ap fè presyon sou Prezidan Hosni Mubarak pou l chache satisfè egzijans manifestan yo ; e pou l fè sa, li dwe leve lwa dijans yo pou pèmèt òganizasyon non-gouvènmantal opere komsadwa, epi libere prizonye politik yo. Daprè pòtpawol Robert Gibbs, Washington ta renmen wè bon jan negosyasyon (negosyasyon ki fè sans) dewoule ant tout gwoup politik ann Ejipt, e li repete apèl Administrasyon Obama a te lanse pou l mande òganizasyon eleksyon lib e onèt nan peyi a.

Sa gen lontan depi Lèzetazini apiye Prezidan Mubarack kòm yon zanmi Izrayèl e kòm yon boukliye kont monte islamis radikal yo nan peyi Lejipt. Premye-minis izrayelyen an, Benjamin Netanyahu --ki t ap pale de sitiyasyon ann Ejipt lendi 31 janvye 2011 la lanse avètisman pou l di li genyen danje pou yon gouvènman teyokratik pran pouvwa nan peyi Lejipt –menm an sa te rive nan peyi Iran-- si briganday politik la kontinye

XS
SM
MD
LG