Accessibility links

Breaking News

Prezidan Trump: 'Lame Amerikèn Byen Ame e Pare Pou Reponn Kif-Kif ak Nenpòt Atak Kore di Nò'


Yon avyon de gè, B-1B Lancer, kap rive nan Baz Andersen Air Force la, nan Guam, 26 jiyè 2017, Foto koutwazi: U.S. Air Force.
Yon avyon de gè, B-1B Lancer, kap rive nan Baz Andersen Air Force la, nan Guam, 26 jiyè 2017, Foto koutwazi: U.S. Air Force.

Prezidan Donald Trump lanse yon lòt avètisman bay Kore di Nò kote li fè l konnen, Lame amerikèn nan byen ame e li deja pran pozisyon pou l reponn kif-kif si Kore di Nò pwovoke yon lagè ak Lèzetazini.

Nan yon mesaj Prezidan Trump pibliye byen bonè vandredi 11 out 2017 la sou kont Twitter li, li deklare:

“Nou deja mete an plas tout solisyon militè nou yo; zam nou yo byen chaje e yo an pozisyon poun aji si Kore di Nò ta gen malè poze yon aksyon moun fou. Men, m espere Prezidan nò-koreyena an, Kim Jong Un, va chwazi yon lòt chemen."

Prezidan Trump lanse avètisman sa a kèk èd-tan apre Lachin te di li pa pral pote okenn èd bay Kore di Nò si se peyi sa ki lanse premye atak la kont tèritwa ameriken an e si Lèzetazini ba li yon repons kif-kif.

XS
SM
MD
LG