Accessibility links

Breaking News

Ansyen Prezidan Kolonbyen Álvaro Uribe Trape Viris ki Bay KOVID-19 la


Juan Felipe Amaya, agoch, epi Jaime Granados ak Victor Mosquera, 2 avoka ki reprezante Senatè e ansyen Prezidan Álvaro Uribe, t ap pale toupre lokal Kou Siprèm an nan Bogota, madi 4 out 2020 an...
Juan Felipe Amaya, agoch, epi Jaime Granados ak Victor Mosquera, 2 avoka ki reprezante Senatè e ansyen Prezidan Álvaro Uribe, t ap pale toupre lokal Kou Siprèm an nan Bogota, madi 4 out 2020 an...

Nan Kolonbi laprès fè konnen ansyen prezidan peyi a, Álvaro Uribe, plase tèt li an karantèn volontè,nan jounen jedi 6 out la paske li genyen kowonaviris. Daprè sa medya lokal yo te rapòte depi nan mekredi, Misye Uribe trape viris KOVID-19 la yon jou aprè Kou Siprèm kolonbyen an te pase lòd pou lajistis plase l an rezidans siveye. Pi gwo tribinal peyi a ap mennen ankèt pou konnen si ansyen lidè a te enplike nan bay temwen kout lajan anba tab nan kad yon afè ki konsènen kèk ansyen manm gwoup eskadwon lanmò para militè yo.

Nouvèl la presize ke Misye Uribe –ki se youn nanòm politik ki gen plis enfliyans nan Kolonbi- twouve li an bòn sante nan yon ranch li posede nan vil Córdoba kote li pa manifeste okenn siyn maladi KOVID la. Jounal El Tiempo, ki baze nan kapital la, Bogota, fè konnen ansyen prezidan an gen kèsote pou byennèt madanm li nan moman 2 pititgason yo, Jerónimo avèk Tomás, kouche lopital avèk maladi a. Doktè poko vle di anyen ki definitif sou eta sante 2 pititgason ansyen koup prezidansyel la. Jiskprezan Kolonbi anrerjistre plis pase 345 mil 700 ka konfime enfeksyon kowonaviris la; sou kantite sa a gen plis pase 11 mil moun ki pèdi lavi yo.

XS
SM
MD
LG