Accessibility links

Breaking News

Kore di Nò Fè Konnen Lèzetazini Deklare l Lagè


Minis Afè Etranjè Kore di Nò a, Ri Yong Ho, ki tap pale devan otèl U.N. Plaza a nan New York, 25 septanm 2017 la. (Foto:AP/Richard Drew)
Minis Afè Etranjè Kore di Nò a, Ri Yong Ho, ki tap pale devan otèl U.N. Plaza a nan New York, 25 septanm 2017 la. (Foto:AP/Richard Drew)

Minis afè etranjè Kore di Nò a, Ri Yong Ho, di Lèzetazini deklare peyi li lagè e gouvènman nò-koreyen an pare pou l defann tèt li si moun atake li. Pami aksyon posib yo, gen dispozisyon pou Kore di Nò desann avyon ameriken kap pase nan rejyon an.

Misye Ri di li konsidere kòm yon menas dirèk deklarasyon Prezidan Trump pibliye sou kesyon an sou kont Twitter li samdi 23 septanm 2017 la. Nan kòmansman jounen samdi a, lidè ameriken an --ki tap reponn yon diskou chèf diplomasi nò-koreyen an te fè devan asanble jeneral l ONU an—ekri:

"Mwen fèk tande minis afè etranjè nò-koreyen an pale nan Nasyon Zini. Si sa l di a se panse Nèg Bonm ki nan Kore di Nò a, eben, yo pap viv pandan lontan ankò."

Jounen lendi 25 sepptanm nan minis afè etranjè Kore di Nò a reponn pou l di: "Puiske pawòl sa yo sòti nan bouch yon nonm ki okipe aktyèlman plas prezidan Lèzetazini, sa reprezante klèman yon deklarasyon de gè. Tout manm Nasyon Zini yo e lemond antye fèt pou sonje klèman ke se Lèzetazini an premye ki deklare peyi nou an lagè.”

XS
SM
MD
LG