Accessibility links

Breaking News

UNESCO: Mond la pa Reyisi Asire Bon Kalite Edikasyon Pou Timoun yo


FILE - Class 11 Afghan girl students attend a class at Zarghona high school in Kabul, Afghanistan, Aug. 15, 2015.
FILE - Class 11 Afghan girl students attend a class at Zarghona high school in Kabul, Afghanistan, Aug. 15, 2015.

Mwayen yo itilize pou yo detèmine siksè peyi ki te patisipe nan sondaj pou rapò sa-a, se antwòt: Mezi tan timoun pase lekòl nan premye ane yo; kantite elèv ki pa fini lekol, kantite timoun ki fini lekòl, diferans ant tifi ak tigason nan pousantaj timoun ki fini lekòl, pousantaj timoun ki ka degaje yo nan lekti ak matematik, pousantaj profesè ki kalifye ak depans nan edukasyon piblik .

Oganizasyon Nasyonzini pou Edikasyon Lasyans ak Kilti ( Unesco ) di peyi yo te deja pa fè sa yo dwe fè pou timoun yo gen siksè, mènm anvan yo te konsidere konsekans posib COVID-19 la sou developman edikasyon.

Rapò UNESCO a fè konnen Echek sa a, se yon anons pou ouvè je lidè mondyal yo nan moman plizyè milyon timoun pral kontinye pa al lekol e rate opotinite pou yo resevwa bon jan edikasyon.

XS
SM
MD
LG