Accessibility links

Breaking News

40 Peyi Reponn Apèl l ONU pou Ede Ayiti Konbat Kolera


 Foto kas ble sòlda Nasyon Zini yo.
Foto kas ble sòlda Nasyon Zini yo.

Vis sekretè jeneral Nasyon Zini an Amina J. Mohammed mete yon bout nan vizit 3 jou ann Ayiti dimanch 5 novanm 2017 la. Avan li kite Ayiti, Madam Amina Mohammed, te pwononse li sou pwoblem kolera nan peyi a kote li fè konnen anviwon 40 peyi reponn yon fason favorab yon apèl dòf pou Ayiti kolekte 200 milyon dola pou elimine epidemi sou tout teritwa li a.

Delegasyon nasyon Zini sa a vizite plizyè pwojè Karavan Chanjman an Prezidan Jovenel Moise ap pwone atravè peyi a kote yal founi je gade ryalizasyon pwojè sa a nan depatman Sid la.

Delegasyon an te gen ladann tou chèf misyon pou kore jistis la, MINUJUST, Suzan Page ki se tou reprezantan Sekretè Jeneral Nasyon Zini an Antonio Guterres.

Yon lòt kote, Prezidan Ayisyen an Jovenel Moise, ki tap pale apre yon rankontre ak delegasyon l ONU an di kesyon kolera a te nan sant diskisyon ak delegasyin onizyèn nan.0 Chef deta fè konnen lap reflechi sou yon fòm finansman pou elimine epidemi kolera a ki dapre li dwe mache ak ogmante posibilite pou popilasyon an gen aksè ak dlo potab.

Nasyin Zini admèt se kontenjan nepalè ki tap parisipe nan Misyon lapè a, Minustaha, ki te pote kolera ann Ayiti e sekretè jeneral l ONU ki te la avan pandan yon vizit li te fè ann Ayiti te mande pèp ayisyen an padon. Toutfwa

XS
SM
MD
LG