Accessibility links

Breaking News

Sitwayèn Ameriken Susan Page Nome Reprezantan Espesyal Nasyon Zini ann Ayiti


Madam Susan Page pandan li te anbasadè Etazini nan soudan ak Soudan Sid. Foto: 13 mas 2014.
Madam Susan Page pandan li te anbasadè Etazini nan soudan ak Soudan Sid. Foto: 13 mas 2014.

Sekretè Jeneral Nasyon Zini an, Antonio Guterres, anonse mèkredi 1 novanm 2017 la li nonmen sitwayen Etazini Susan Page kòm Reprezantan Espesyal li e Chèf Misyon Nasyon Zini pou Sipòte Jistis la, MINUJUSTH, ann Ayiti.

Sekretè Jeneral la eksprime rekonesans li pou asistan Reprezantan Espesyal Mamadou Diallo, moun peyi Ginen, ki te moutre bon jan kapasite lide li depi nouvo misyon an te sou pye 16 oktòb pase a, e pou ansyen Reprezantan Espesyal li Sandra Honoré ki te dirije ak siksè Misyon Stabilizasyon Nasyon Zini an ann Ayiti (MINUSTAH) pandan 4 lane jouk li te bout nan dat 15 oktòb 2017.

Dapre sekretè jenenal l ONU an, Madam Honoré te kontribye nan anpil reyalizasyon ki te pèmèt tranzisyon an posib pou pase kòn nan bay MINUJUSTH.

Madam Page ap vini nan pozisyon sa a ak pakèt eksperyans li nan administrasyon an e kòm lidè nan diplomasi, nan devlopman entènasyonal e nan sipòte rèy lalwa toujou dapre Mesye Guterres. Madam Page te sèvi kòm Asistan Reprezantan pou Rèy Lalwa nan MINUSTAH depi mwa Janvye 2017 e li te premye anbasadè Etazini nan Soudan Sid, e apre sa li te sèvi kòm Anbasadè Pwovizwa Etazini nan Inyon Afrik e nan Komisyon Ekonomik Nasyon Zini pou Afrik.

Madam Page te gen pozisyon Prensipal Konseye nan Biwo Anvwaye Espesyal Etazini pou Soudan ak Soudan Sid e li te sèvi kòm Asistan Sekretè Deta pou Afè Afriken. Nan Nasyon Zini, li gen eksperyans antwòt kòm Direktè Inite Konseye pou Rèy Lalwa nan Misyon Nasyon Zini nan Soudan Sid e nan Rwanda.

Madam Page te pran yon degre Doktè an Dwa nan Inivèsite Harvard ak yon degre nan Lang Angle ki te mache ak gwo distenksyon nan Inivèsite Michigan. Madam Page ki te pran nesans an 1964 nan vil Chicago, li marye e gen yon pitit gason.

XS
SM
MD
LG