Accessibility links

Breaking News

Ukrèn: 38 Moun Mouri Nan Yon Aksidan Tren


Otorite ukrenyen yo anonse yon bis ak yon tren fè kolizyon nan rejyon Santral Es Ukrèn kote 38 kretyen vivan pèdi lavi yo e 12 lòt blese.

Dapre menm sous la, aksidan an rive lè otobis la t al antre nan yon tren ki t ap travèse yon otowout apre chofè bis la te boule yon limyè wouj ki avèti tren an ap vinn pase.

Pasaj sa a sitiye andeyò vil Marhanet nan Dnipro-petrovsk --yon rejyon Ukrèn.

Prezidan ukrenyen an, Viktor Yanukovych voye kondoleyans bay fanmi viktim yo.

Li mande responsab yo louvri yon ankèt pou detèmine kòz aksidan an e idantifye responsab yo.

XS
SM
MD
LG