Accessibility links

Breaking News

Otorite Ayisyèn yo Leve Alèt Wouj la


Otorite Ayisyèn yo Leve Alèt Wouj la
Otorite Ayisyèn yo Leve Alèt Wouj la

Otorite ayisyen leve alèt wouj yo te dekrete pandan pasaj Tanpèt twopikal Emily ki tounen yon ond twopikal nan moman li mete tèt sou Kiba. Otorite yo mande popilasyon an pran prekosyon akoz lapli toujou ap tonbe nan plizyè rejyon --lapli ki kapab pwovoke inondasyon ak eboulman. Kidonk, pèp ayisyen an pran yon souf pou kounye a, menm lè popilasyon an te pare pou l fè fas ak tanpèt la, 5ème ki fòme sou Oseyan Atlantik la.

Plizyè zòn ann Ayiti --tankou Plato Santral la, Atibonit, Depatman Nò ak Sidès-- resevwa plizyè santimèt lapli. Otorite yo mande popilasyon an pou l toujou rete vijilan, kontinye swiv konsèy yo, pa rete nan zòn a-risk kote rivyè yo kapab desann epi tè kapab glise.

Sèvis Pwoteksyon Sivil Nasyonal la te evakye popilasyon an nan alantou kapital la, nan Leyogàn ak nan Depatman Nippes. Nan Depatman Sidès la, reprezantan Sèvis Pwoteksyon Sivil la fè parèt yon rapò ki pale de yon blese ak fè konnen yo anrejistre inondasyon nan 2 komin.

Trafik ayeryen an ki te sispann Jedi 4 out la kapab rekòmanse vandredi, dapre yon anons ki sòti nan Ministè Enteryè Ayisyen an.

Pwogram Alimantè Mondyal (PAM), yon ajans Nasyonzini, anonse li pran tout dispozisyon pou li asiste otorite yo. Nan yon nòt pou laprès ajans la pibliye, li di li pozisyone davans pwodui alimantè ki kapab sove lavi moun nan tout zòn ki pi vilnerab nan peyi Dayiti, e PAM ap veye lè pou l kòmanse fè distribisyon manje dijans kote moun ta bezwen sa.

Ajans l’ONU an di gen ase manje ki nan depo nan 35 lokal, yon fason pou l kapab distribye asistans alimantè bay 500 mil ayisyen pandan yon mwa. An plis de sa, Pwogram Alimantè Mondyal la plase kamyon nan zòn rekile yo e li estoke rezèv gazolin nan depo tanporè nan menm zòn sa yo. La Kwa Wouj Ayisyèn, bò kote pa l, te deja pran dispozisyon depi sèvis meteroloji nasyonal la te anonse fòmasyon tanpèt la e fè konnen li t ap pran direksyon Karayib la.

Sezon siklòn nan, ki te kòmanse nan mwa jen, ap fini nan fen novanm.

XS
SM
MD
LG