Accessibility links

Breaking News

Twitter Anile Kont Depite Repibliken Greene nan Akoz Fo Deklarasyon sou COVID-19


Depite Repibliken Marjorie Taylor Greene, ki reprezante Joji nan Kongre Ameriken an, 7 Dec. 2021.
Depite Repibliken Marjorie Taylor Greene, ki reprezante Joji nan Kongre Ameriken an, 7 Dec. 2021.

Twitter deklare li anile kont pèsonèl depite ekstrèm dwat Repibliken Marjorie Taylor Greene nan akoz plizyè vyolasyon règleman platfòm nan sou dezenfòmasyon sou COVID-19.

Sa se dènye pami yo seri mezi ki pran kont Greene, ki chwazi pou'l pwopaje teyori konplo. Kèk pami kolèg li yo nan La Chanm dè Reprezantan konsidere'l tankou yon "kansè" pou pati Repibliken an e sa te lakoz yo te mete'l deyò nan plizyè komite.

Entèdiksyon an aplike pou kont pèsonèl Greene nan men li pa afekte kont ofisyèl Twitter li a.

Madan Greene, ki reprezante eta Jòji nan Kongrè a te resevwa entèdiksyon pèmanan sa a dapre yon sistèm "strike" Twitter te lanse nan mwad Mas la.

Sistèm sa a sèvi ak entelijans atifisyèl pou idantifye mesaj sou kowonaviris la ki pa bay verite e ki ka andomaje sante moun. Si yon moun resevwa plis pase 5 "strikes" Twitter wetire kont li sou platfòm ni an.

XS
SM
MD
LG