Accessibility links

Breaking News

3G Pral Kaba Ozetazuni


Foto Achiv: 2 moun ap gade nouvo iPhone Apple 3G S la nan yon magazen nan San Francisco, Vandredi 19 Jyen, 2009.
Foto Achiv: 2 moun ap gade nouvo iPhone Apple 3G S la nan yon magazen nan San Francisco, Vandredi 19 Jyen, 2009.

Rezo Entenet 3G yo ke ansyen telefòn pòtab ak tablèt yo sèvi pral kaba e gwoup kap defann dwa konsomatè yo Ozetazuni di sa pral lakoz kek moun ap vilnerab paske yo pap gen aksè ankò ak kèk zouti esansyèl.

Lè rezo 3G yo te komanse fonksyone sa gen 20 an desa, rezo WiFi 3G yo te sèvi kom baz pou yon eksplozyon nan domèn telefon potab ak lot aparèy ki konekte ak entènèt. Anpil nan aparèy sa yo branche sou rezo 4G yo kounyea, e nouvo telefon yo menm ap pouse pou pi devan ak 5G.

Men gen divès lot aparèy ki toujou fonksyone ak 3G. Pami yo gen aparèy ki tache sou otobis timoun lekol Ameriken yo, ki pèmèt otorite yo trake yo. Gen aparèy lapolis Ameriken sèvi pou teste chofe pou wè si yo sou pandan yap kondwi. Militan kap defann dwa konsomatè yo lanse apèl bay Komisyon Federal Kominikasyon an pou'l ralanti desizyon pou'l elimine 3G a konplètman apati mwad Fevriye 2022.

Jounal Washington Post rapote se Ameriken defavorize yo ki pral soufri konsekans yo. Si moun sa yo pa ache aparèy ki fonksyone ak 4G a tan, telefon yo ak aparèy ki avèti lapolis ak anbilans lè gen yon ka ijans pap ka fè anyen.

XS
SM
MD
LG