Accessibility links

Breaking News

Laturki Lanse yon Ofansiv Militè Kont Rebèl Kurd yo nan Pati Nò Peyi Irak

Premye minis Laturki-a Recep Tayyip Erdogan
Premye minis Laturki-a Recep Tayyip Erdogan

Laturki deside lanse yon ofansiv militè kont rebèl kurd ki nan pati nò peyi Irak, kèk èdtan sèlman apre konbatan kurd te finn touye 24 sòlda e blese 18 lòt nan atak ki fèt nan pati sidès Laturki, e ki toupre fwontyè Irak la.

Nouvèl ki te parèt anvan sa te rapòte lanmò 26 sòlda turk. Nan operasyon sa a gen avyon konba ki soti nan avyasyon militè turk la plis elikoptè k ap transpòte sòlda.

Premye minis Turki a, Recep Tayyip Erdogan, dekri aksyon sa a kòm yon koukouwouj ki respekte limit dwa entènasyonal, apre atak ki fè plis san koule ke kurd yo lanse sou sòlda turk depi plizyè lane.

This item is part of
XS
SM
MD
LG