Accessibility links

Breaking News

'Nosyon Etazini Dabò' a Kreye Kiryozite sou Diskou Prezidan Trump Pral Fè nan Davos, Lasuis


Prezidam ameriken an, Donald Trump, pandan yon dine ak Biznisman ewopeyen yo nan fowòm ekonomi Mondyal la nan Davos, Lasuis. 25 janvye 2018.
Prezidam ameriken an, Donald Trump, pandan yon dine ak Biznisman ewopeyen yo nan fowòm ekonomi Mondyal la nan Davos, Lasuis. 25 janvye 2018.

Prezidan ameriken an, Donald Trump, twouve l nan vil Davos an Suis jedi 25 janvye 2018 la. Moun atann yo aske Mesye Trump fè gwo diskou sou nosyon, Lèzetazini dabò yon bagay ki pèmèt peyi lap dirije a enpoze taks sou pwodui enpòte, epi egzije restriktirasyon sète akò komès mondyal.

Bò kote pa yo, kèk lòt gwo puisans mondyal nan kontinan ewopeyen an, tankou Lachinn, Japon egzòte Lèzetazini pou l renouvle angajman li te pran anvè komès lib nan lemond.

Organizatè somè ekonomik mondyal Davos la espere woumble ekonomik anuèl la pral mete visyon rival yo sou menm chemen an. Pandanstan, konpòtman lokatè Mezon Blanch la vizavi kesyon mondyalizasyon an debouche sou yon tansyon reyèl anvan diskou pral pwononse nan somè a vandredi 26 janvye 2018 la.

XS
SM
MD
LG