Accessibility links

Breaking News

Prezidan Trump Rankontre ak Senatè Repibliken yo sou Pwojè Lwa Refòm Sistèm Taks la


Prezidan ameriken an, Donald Trump. Foto: 28 novanm 2017, Mezon Blanch, Washington DC.
Prezidan ameriken an, Donald Trump. Foto: 28 novanm 2017, Mezon Blanch, Washington DC.

Prezidan ameriken an, Donald Trump, ale nan Kongrè a, madi 28 novanm 2017 la pou l te rankontre ak senatè repibliken yo nan moman lap eseye jwenn sipò pou yon pwojè lwa sou refòm sistèm taks ameriken an.

Yon vòt sou pwojè lwa sa a pral dewoule anvan lontan. Aprè lidè senatè yo te fin pale ak prezidan an, yo konfime nouvèl ki anonse sesyon kote yo pral vote sou plan refòm nan.

Dapre analis politk yo, plan taks adminstrasyonn Trump la kapab koupe sou taks gwo konpayi yo ap peye, an menm tan ke li tap elimine pwovizwaman tout enpo sou le revni, epi ajoute plis pase yon trilyon dola sou dèt nasyonal Lèzetazini an ki rive nan nivo 20 trilyon dola.

XS
SM
MD
LG