Accessibility links

Breaking News

Etazini: Lòt Revelasyon sou Relasyon Prezidan Trump Ta Genyen ak yon Aktris Fim Sèks


Foto konbinezon: Prezidan Donald Trump, agoch, ak aktris fim porno Stephanie Clifford, yon konnen sou non, Stormy Daniels.
Foto konbinezon: Prezidan Donald Trump, agoch, ak aktris fim porno Stephanie Clifford, yon konnen sou non, Stormy Daniels.

Pòtpawòl la Mezon Blanch la, Sarah Huckabee Sanders, rekonèt jedi 3 me a li aprann menm jan ak tout moun nan peyi a Prezidan Donald Trump te ranbouse avoka li Michael Cohen 130 mil dola li te depanse pou fèmen bouch aktris porno Stormy Daniels yon ti tan anvan eleksyon 2016 la isit Ozetazuni.

Msye Trump konfime sou kont Twitter li sa youn nan avoka li yo Rudy Giuliani te deklare sou chèn televizyon Fox News mekredi 2 me 2018 la.

Ansyen majistra vil New York la, Rudy Giuliani, te deklare mèkredi la sou chèn televizyon Fox News, lidè ameriken an te remèt mèt Michael Cohen $130 mil li te peye aktris fim Porno Stormy Daniels pou l pat mete relasyon li ak mesye Trump nan lari. Stormy Daniels te resevwa kout lajan anba tab sa a anvan eleksyon prezidansyèl 2016 la isit Ozetazini.

XS
SM
MD
LG