Accessibility links

Breaking News

Prezidan-Eli Ameriken an, Donald Trump, Kontinye Travay sou Tranzisyon an


Prezidan-Eli Lèzetazini an, Donald Trump.
Prezidan-Eli Lèzetazini an, Donald Trump.

Prezidan eli Lèzetazini an, Donald Trump, rankontre, nan jounen jedi 17 novanm 2016 la, ak prensipal pwòch kolaboratè li yo e ak kandida pou pòs wo-plase nan pwochen gouvènman an anvan li te rankonte ak Premye Minis japonè a, Shinzo Abe, kap vizite Lèzetazini.

Donald Trump (agoch); Shinso Abe (adwat).
Donald Trump (agoch); Shinso Abe (adwat).

Misye Trump –kap travay nan building prive li nan New York, The Trump Tower— te gen sou pwogram li tou yon rankont ak ansyen Sekretè Deta Henry Kissinger ki te dirije diplomasi amerikèn nan nan ane 70 yo. Li fè chita-tande tou ak gouvène Eta Kawolin di Sid la, Nikki Haley, ki byen plase pou l tounen Sekretè Deta lè Misye Trump va vin prete sèman nan dat 20 janvye 2017 la.

Semèn sa a Prezidan-Eli a santre atansyon li sou domèn sekirite nasyonal la pandan lap etidye dosye kèk pèsonalite ki kandida pou vin manm pwochè kabinè ministeryèl la; sepandan pèsonn poko konnen ki konnen ki moun li pral chwazi pou tèl ou tèl pòs.

Kellyanne Conway, chèf kanpayn e youn nan prensipal konseye politik Donald Trump ki tap pale ak laprès nan Trump Tower a nan New York, mèkredi novanm 2016 la.
Kellyanne Conway, chèf kanpayn e youn nan prensipal konseye politik Donald Trump ki tap pale ak laprès nan Trump Tower a nan New York, mèkredi novanm 2016 la.

Chèf kanpay Trump la, Kellyanne Conway, deklare Prezidan-Eli a byen kapab anonse kèk nominasyon anvan fèt Jou Aksyon de Gras la (Thanksgiving Day) kap tonbe ane sa a nan dat 24 novanm, menm jan li kapab pran plis tan toujou. Madam Conway di:

“Se Donald Trump e Donald Trump sèlman ki gen pou pran dènye desizyon yo.”

XS
SM
MD
LG