Accessibility links

Breaking News

Prezidan Ris la, Vladimir Putin, Akize Administrasyon Obama a deske Lap Bay Manti sou Prezidan Eli a, Donald Trump…


Prezidan Larisi a, Vladimir Putin, pandan li tap bay yon konferans pou laprès nan Moskou nan jounen madi 17 janvye 2017 la.
Prezidan Larisi a, Vladimir Putin, pandan li tap bay yon konferans pou laprès nan Moskou nan jounen madi 17 janvye 2017 la.

Prezidan ris la, Vladimir Putin, lonje dwèt sou gouvènman kap kite pouvwa a Ozetazini kòm yon gouvènman kap chache minen prezidan eli ameriken an, Donald Trump, atravè enfòmasyon fo mamit lap fè sikile.

Pandan misye Putin tap bay yon konferans pou laprès nan Moskou madi 17 janvye 2017 la, li di nouvèl san konfimasyon ki te parèt semèn pase a e ki pale de swadizan move konpòtman seksyèl Misye Trump ta genyen pandan yon vwayaj nan Moskou, se :

"Yon tantativ bò administrasyon prezidan Obama ap fè pou l lage vèni sou lejitimite prezidan eli ameriken an, malgre misye Trump te ranpòte yon viktwa klè nan eleksyon yo Ozetazini."

Prezidan Putin ajoute li konsidere kòm fo enfòmasyon kòmkwa misye Trump te mele nan kèk aktivite seksyèl nan yon otèl vil Moskou pandan yon vizit nan lane 2013. Lidè ris la fini pa di:

"Moun ki fè pawòl sa yo sikile, pi mal pase pwostitye. Mwen pa wè poukisa misye Trump ta bezwen sèvis pwostitye, alòske li pa gen pwoblèm pou l amize li avèk fanm ki pi bèl sou planèt la."

XS
SM
MD
LG