Accessibility links

Breaking News

Prezidan Trump Mande Pentagòn pou l Oganize yon Gwo Parad Militè nan Washington


Parad mlitè pandan selebrasyon Jou La Bastille la, ane 2017 la, an Frans.
Parad mlitè pandan selebrasyon Jou La Bastille la, ane 2017 la, an Frans.

Lokatè lamezon Blanch la di li vle yon parad militè isit Washington ki pou depase sa l te asiste pandan selebrasyon Jou La Bastille la, ane pase, an Frans, e li òdone lidè yo nan Pentagòn nan pou yo fè plan pou montre pwisans militè nan kapital ameriken an.

Minis Defans Jim Mattis fè konnen jounen mèkredi 7 fevriye 2018 la, dirijan militè ap mete ansanm kèk posiblite pou yo fè parad e yo pwal prezante yo bay Mesye Trump pou l pran yon desizyon.

XS
SM
MD
LG