Accessibility links

Breaking News

Etazini: Yon Seremoni nan Memwa Viktik yo Pandan Otorite yo Toujou Ap Chache Motif Atak Ame nan Konsè Las Vegas la


Plisyè moun limen balèn nan yon seremoni nan memwa viktim masak LAs vegas la.
Plisyè moun limen balèn nan yon seremoni nan memwa viktim masak LAs vegas la.

Pandan anketè ap chache rezon ki dèyè pi move masak ak zam nan istwa modèn Etazini an, Prezidan Donald Trump te nan Las Vegas mèkredi 5 oktòb la pou konsole viktim e wè ak polisye e ak lòt moun ki tal pote premye sekou yo.

Mesye Trump, ki te ansanm ak premyè dam nan, Melania Trump, chante lwanj sekouris ak ajan medikal ki te kouri al ede apre masak dimanch la.

An menm tan, sheriff nan Depatman Polis Metropoliten Las Vegas al , Joe Lombardo, deklare li ekstrèmman enpòtan pou depatman li a pale ak nenpòt moun ki te konnen nèg ak zam nan, Stephen Paddock, nan kad rechèch pou jwenn moun ki ta konplis nan masak la. Dimanch swa, Paddock te kanpe nan otel Madalay Bay pou tire sou yon foul moun ki ttap asiste yon konsè mizik country.

Prezidan Trump ki te pra lapawòl dekalrare:

“Lemal ki menase nou pa kapab defini nou; paske Ameriken se moun ki defye ata lanmò ak lahèn gras ak lanmou yo epi kouraj yo, paske yo dispoze pwòp bliye tèt pa yo pou yo kouri pote lòt moun sekou menmsi yo dwe mete lavi yo an danje, tankou nou te wè sa nan konsè dimanch la.”

Asasina an mas sa a vin reveye yon vye deba ki la depi plizyè dezèn dane sou dwa pou moun pote zam e sèvi ak zam Ozetazini. Pandan prezidan an tap vizite yon lopital kote anpil moun blwse ap resevwa swen nan Las Vegas, laprès poze l kesyon sou deba sa a; Misye Trump reponn: “Nou pap abòde dosye sa a jodi a.”

XS
SM
MD
LG