Accessibility links

Breaking News

Nan Jounen Vandredi 20 Janvye 2017 la, Lèzetazini pral Genyen yon Nouvo Prezidan: Donald Trump

Prezidan Barack Obama (adwat) ak Madanm li Michele (agoch) ki te poze devan La Mezon Blanch avèk Donald Trump (2èm adwat) ak pwochèn Premyè Dam nan, Melania Trump, anvan yo te pran dejene ansanm nan matine vandredi 20 janvye 2017 la.

Vandredi 20 janvye 2017 la, milyadè Donald Trump ap prete sèman kòm 45èm prezidan Lèzetazini vè midi, lè Washington, lè Ayiti. Jedi 19 janvye a, lavèy seremoni envestiti a, Misye Trump te fè previzyon pou l di peyi a pral wè yon bagay ki vrèman etonan lè li va prete sèman.

Foul moun ki rasanble sou gwo plas piblik ki rele "Mall Nasyonal la" nan Washington anvan seremoni prestasyon sèman pwochen Prezidan ameriken an, Donald Trump.
Foul moun ki rasanble sou gwo plas piblik ki rele "Mall Nasyonal la" nan Washington anvan seremoni prestasyon sèman pwochen Prezidan ameriken an, Donald Trump.

Apre yon konsè ki dewoule nan menm sware jedi a nan Washington --pi presize devan Mozole Lincoln nan-- pou lanse aktivite ki sou pwogram envestiti a, Donald Trump fè konnen li konsidere kanpay elektoral li a ak eleksyon l lan kòm "yon mouvman" e li ta renmen wè tout sitwayen ameriken patisipe nan mouvman sa a. Misye Trump di:

<<Se yon bagay ki trè, trè espesyal. Nou pral inifye peyi nou an. E deviz nou an -nou tout byen konnen li; dayè mwatye nan nou la a gen nan tèt nou chapo ki gen deviz la make sou yo- ebyen, deviz nou an se:

" Ann fè Lèzetazini vin gran ankò." Men, nou pral fè Lèzetazini vin gran ankò pou tout pèp nou an, pou tout moun.>>

Misye Trump, ki te pale ak plizyè milye moun ki te rasanble pou konsè sa a, di se lemond antye kap gade sa kap pase la a Ozetazini.

Manifestan anti-Trump ki tap pwoteste sou Plas McPherson Square tou prè La Mezon Blanch nan Washington, nan kòmansman jounen vandredi 20 janvye 2017 la. (Foto: G. Flakus / VOA).
Manifestan anti-Trump ki tap pwoteste sou Plas McPherson Square tou prè La Mezon Blanch nan Washington, nan kòmansman jounen vandredi 20 janvye 2017 la. (Foto: G. Flakus / VOA).

Pandansetan, nan youn nan pi gwo vil ki genyen nan peyi a -an palan de New York-- manifestan anti-Trump te mete sou pye yon mouvman pwotestasyon devan yon gwo building ki pote non Lafanmi Trump. Nan manifestasyon sa a ou te jwenn kèk vedèt Hollywood; -pami yo te gen aktè tankou Robert de Niro, Alec Baldwin, Julianne Moore, Mark Ruffalo ak chantez pwofesyonèl e aktris Cher. Cher te deklare, si li te reponn prezan nan manifestasyon an, se pou l di, pou sa ki konsène prensip li apiye yo, tout espwa pa pèdi. Cher fè konnen:

<<Mwen gen enpresyon moun yo pral kontinye batay e yo pral kontinye eseye. Sa nou wè kap fèt la a di nou yo pral gen kouraj pou yo mete kò yo deyò epi pote-kole avèk nou pou yo mete fen nan sa kap fèt nan peyi nou an, nan mouvman kap devlope nan Washington nan, nan foli nou wè la a.>>

Dapre pwochen pòtpawòl La Mezon Blanch la, Sean Spicer, a pati de apremidi jounen vandredi 20 janvye 2017 la e pandan 2 zou 3 jou kap vini la yo, nouvo prezidan Donald Trump pral siyen dekrè pou l mete an aplikasyon "yon pwogram kap pote chanjman reyèl nan peyi a."

XS
SM
MD
LG