Accessibility links

Breaking News

Donald Trump Ranmase $1 Milya Pou Rezo Sosyal li a


L'ancien président américain Donald Trump lors d'un rassemblement pour protester contre la certification du collège électoral de Joe Biden en tant que président à Washington, le 6 janvier 2021. (Photo AP/Evan Vucci)
L'ancien président américain Donald Trump lors d'un rassemblement pour protester contre la certification du collège électoral de Joe Biden en tant que président à Washington, le 6 janvier 2021. (Photo AP/Evan Vucci)

Konpayi ki ap travay sou fiti rezo sosyal ansyen Prezidan Donald Trump ak konpayi sa ki dwe rantre nan mache labous la te deklare ke yon gwoup envestisè enstitisyonèl te angaje yo pou bay 1 milya dola pou pwojè a.

Nouvo sòm nan pral ajoute anplis sou $293 milyon dola ke yo te deja kolekte pa "Spac" Digital World Acquisition Corp nan mwa septanm nan.

Dapre yon kominike, lè yo retire frè tranzaksyon yo, Trump Media & Technology Group ta dwe pran apeprè $1.25 milya dola pou finanse lansman pwojè rezo sosyal ansyen lokatè Mezon Blanch lan.

De konpayi yo pa t 'di ki non envestisè ki fè pwomès sa yo.

Ansyen prezidan Trump te anonse nan fen mwa Oktòb la ke konpayi ki ap kreye pwochen rezo sosyal li ap fizyone ak Digital World Acquisition Corp.

Ansyen prezidan an te rele platfòm li an "Truth Social", ki prezante kòm yon altènativ a Facebook, Twitter ak YouTube ki te bloke aksè li sou platfòm sa yo. Kounye a Truth Social disponib pou pre-kòmann sou App Store la. Li ta dwe lanse nan premye sezon 2022.

XS
SM
MD
LG