Accessibility links

Breaking News

Etazini: Prezidan Donald Trump Kritike Demokrat yo li Di Ki Refize Plan Swen Sante li a Vote nan Sena a


Prezidan Etazini an, Donald Trump
Prezidan Etazini an, Donald Trump

Prezidan Etazini an, Donald Trump, akize Demokrat yo nan opozisyon an kòmkwa yap sèvi kòm baryè pou anpeche Repibliken yo kraze refòm swen sante nasyonal ke ansyen Prezidan Barack Obama te goumen pou l tabli nan peyi a.

Repilbiken yo nan Sena a ap chache semèn sa a kenbe pwomès ke yo te fè, sa gen 7 lane, pou yo rantre lwa a ke yo rele ObamaCare la. Mesye Trump, nan kèk kòmantè sou Twitter lendi 26 jen 2017 la, fè konnen palmantè Demokrat yo “pa gen ni politik ni lide. ObamaCare se afè pa yo."

Biwo Bidjè nan Kongrè a, ki gen ti non ann angle, CBO, te fè estimasyon kòmkwa 23 milyon moun pral pèdi asirans sante nan yon dizèn lane akoz pwojè lwa swen sante a ke Chanm Repibliken an te apwouve ak yon maj tou mens mwa pase a. Repbliken yo nan Sena a amelyore pwojè lwa a.

XS
SM
MD
LG