Accessibility links

Breaking News

US/Vòt Mi-Manda 2018: Prezidan Trump Ap Chofe Elektè Repibliken yo


Prezidan Donald Trump ki te pran lapawòl nan yon meeting nan Sant Mid-America nan vil Council Bluffs, Eta Iowa, madi 9 oktòb 2018 la.
Prezidan Donald Trump ki te pran lapawòl nan yon meeting nan Sant Mid-America nan vil Council Bluffs, Eta Iowa, madi 9 oktòb 2018 la.

Prezidan ameriken an, Donald Trump, kontinye selebre viktwa aprè kandida li te chwazi pou yon plas nan Kou Siprèm nan, Brett Kavanaugh, fin prete sèman nan moman l ap chache chofe elektè repibliken yo pou yo ale vote nan eleksyon mi-manda mwa novanm pwochen an.

Pandan prezidan an te pran lapawòl nan yon meeting de mas ki dewoule madi swa nan vil Council Bluffs, nan Eta Iowa, li sanble itilize kèk taktik efreyan pou l fè sitwayen yo pè vote pou Demokrat yo ki yo menm, pa kapab tann pou yo reprann kontwòl tou lè 2 chanm yo nan Kongrè a. Prezidan Trump deklare:

<<Demokrat yo vin twò ekstremis. Franchman yo vin twò danjre pou nou lage gouvènman an nan men yo. Yo fin pèdi kontwòl nèt-nèt. Yo tèlman ale lwen nan direksyon goch la, yo fin pa konprann moun fou ki rele Elizabeth Warren nan, se yon moun rasyonèl, yon moun ki gen tèt dwat. Daprè mwen, franchman, yo fin fou nèt.>>

Donald Trump nan Council Bluffs, Iowa.
Donald Trump nan Council Bluffs, Iowa.

Misye Trump te kontinye pou l bay tèt li kredi poutèt li rive kreye sa ki, daprè li, se ekonomi ki pi gwo, ki pi bon, ki pi bèl nan tout istwa Lèzetazini. Li rejte tou tout posiblite pou Kongrè a ta "impeach" li, sètadi jije li ak posiblite pou wete l sou pouvwa a; paske, dapre sa li di, "li pa fè anyen ki pa sa." Se yon referans ak yon ankèt otorite lajistis yo ap mennen pou konnen si responsab kanpay elektoral prezidan an te antre nan konnivans ak Larisi dekwa pou otorite peyi sa a te ede l ranpòte eleksyon prezidansyèl novann 2016 la. Jiskaprezan ankèt sa a ap kontinye.

XS
SM
MD
LG