Accessibility links

Breaking News

Prezidan Trump Pral Anonse Si ou Non Etazini Ap Wete Kòl nan Akò Nikleyè Iran an


Prezidan ameriken an, Donald Trump, pandan li tap kite Mezon Blanch pou l ale nan Cleveland nan Ohio nan kapay eleksyon primè yo. Washington, May 5, 2018.
Prezidan ameriken an, Donald Trump, pandan li tap kite Mezon Blanch pou l ale nan Cleveland nan Ohio nan kapay eleksyon primè yo. Washington, May 5, 2018.

Prezidan Donald Trump fè konnen l ap anonse madi 8 Me 2018 la si wi ou non li pral retire Etazini nan akò entènasyonal nikleyè Iran an epi re-enpoze sanksyon sou Teheran.

Mesye Trump pa janm sispann plenyen sou trete nikleyè 2015 la ki te vize leve sanksyon sou do Iran e, anretou pou repiblik islamik la kanpe sou pwogram balistik li a.

Lokatè mezon blanch la, ki konsidere trete a kòm yon dezas, di akò a pa fè anyen pou anpeche Teheran fè tès misil e, anplis desa, gen atik nan akò a ki mache ak yon dat ekspirasyon, yon bagay ki kapab pèmèt rejim iranyen an rekòmanse pwogram nikleyè a.

XS
SM
MD
LG