Accessibility links

Breaking News

Prezidan Trump Chita ak Senatè Repibliken yo pou Diskite Redisksyon Taks pou Gwo Konpayi yo


Prezidan ameriken an, Donald Trump, pandna li te nan Kongrè a madi 24 oktòb 2017 la.
Prezidan ameriken an, Donald Trump, pandna li te nan Kongrè a madi 24 oktòb 2017 la.

Prezidan ameriken an, Donald Trump, rankontre madi 24 oktòb 2017 la ak palmantè Repibliken ki pi enpòtan nan Sena a, avek espwa rankont sa a va ranfòse chans pou Kongrè a apwouve plan li genyen pou l koupe sou taks gwo konpayi yo ak klas mwayèn nan ap peye.

Misye Trump fè deplasman sa a nan Sena a nan moman li pa sispann twoke pawòl piman bouk avèk yon palmantè ki gen anpil enfliyans, an palan de Bob Corker, Senatè repibliken Eta Tennessee a. Prezidan pran manje midi li nan Kongrè a ansanm ak senatè yo.

Toutfwa kontinye gen gwo pawòl anpil kap fèt pou di lokatè Mezon Blanch la mande koupe twòp taks pou gwo biznis yo nan kad refòm li vle fè nan sistèm enpo ameriken an.

XS
SM
MD
LG