Ozetazini, Chanm Depite a ki anba kontwòl Pati Demokrat la, ap pare pou l vote, pandan jounen madi 16 jiyè a, sou yon rezolisyon ki “kondane deklarasyon rasis Prezidan Donald Trump te fè kont kèk manm kongrè ameriken an."
Rezolisyon sa a gen rapò ak yon seri twit lidè ameriken an te lanse nan wikenn pase a kont 4 depite fanm ki reprezante minorite yo (donk, ki pa sòti nan ras blanch la). Lidè majorite nan Chanm Bas la, Depite Steny Hoyer (D-MD) ki t ap anonse vòt la, fè konnen li espere kan repibliken an pral plase enterè peyi a anvan pati yo a epi vote ansanm ak kan demokrat la pou adopte rezolisyon an.
Tèks rezolisyon an kondane ak tout fòs deklarasyon rasis Prezidan Trump yo, paske pawòl konsa “rann lejitim epi ogmante laperèz ki genyen nan peyi a. An plis de sa, se deklarasyon ki ka ankouraje rayisab kont etranje ki fèk pran nasyonalite amerikèn ak sitwayen ki sòti nan ras nwa a..."
Tout palmantè Prezidan Trump manke dega yo, eksepte youn, te pran nesans Ozetazini. Yo se: Dep. Rashida Tlaib (D-Mich), Dep. Ilhan Omar (D-Minn.), Dep. Alexandria Ocasio-Cortez (D-NY), avèk Dep. Ayanna Pressley (D-Mass). Se sèlman Depite Omar ki te fèt andeyò tèritwa ameriken an (nan Peyi Somali) e li te vin viv Ozetazini avèk paran li pandan li te piti