Accessibility links

Breaking News

Prezidan Ameriken an, Donald Trump, Pwomèt yon Nouvo Direktè pou Biwo Ankèt Federal la (FBI) Avan Fen Semèn nan


Foto Kobinezon: Prezidan Ameriken an, Donald Trump, (Agoch), ak ansyen Direktè FBI la, James Comey (adwat)
Foto Kobinezon: Prezidan Ameriken an, Donald Trump, (Agoch), ak ansyen Direktè FBI la, James Comey (adwat)

Rechèch kontinye ap fèt pou jwenn yon nouvo dirèktè pou Biwo Ankèt Federal Etazini-an (FBI) apre Prezidan Donald Trump fin revoke James Comey, semèn pase a.

Administrasyon Trump la entèvyouve pou pi piti 8 kandida pou djòb la, e Prezidan Trump fè konnen li ka pran yon desizyon anvan li pati vandredi 19 me 2017 la pou premye vwayaj li nan peyi etranje kòm prezidan.

Dapre yon nòt Lamezon Blanch, Prezidan Donald Trump te revoke James Comey, nan dat 9 me 2017 la poutèt li pat byen jere ankèt sou imel Hillary Clinton, ansyen Sekretè Deta sou premye manda Prezidan Obama a e kandida malere nan eleksyon prezidansyèl amerikèn la. Mesye Trump te fè konnen li pèdi konfyans nan Direktè FBI la.

Sepandan plizyè palmantè ameriken di yo kwè, direktè FBI pèdi djòb li poutèt li ta fè yon demand pou gouvènman an mete plis resous aladispozisyon ajans la pou li kontinye mennen ankèt sou yon posib enplikasyon Larisi nan eleksyon prezidansyèl novanm 2016 la. Mesye Comey ta fè demand sa a kèk jou sèlman anvan li pèdi djòb li.

XS
SM
MD
LG