Accessibility links

Breaking News

Etazini-Politik : Donald Trump Ranfòse Kritik li Kont Administrasyon Obama a


Donald Trump pandan li tap mennen kanpay nan jounen mèkredi 10 out 2016 la.
Donald Trump pandan li tap mennen kanpay nan jounen mèkredi 10 out 2016 la.

Ozetazini, kandida a la prezidans Pati Repibliken an, Donald Trump, ranfòse kritik li kont politik Prezidan Barack Obama nan Irak ak Siri; li akize prezidan an deske li se youn nan fondatè òganizasyon teworis ki rele Gwoup Eta Islamik la.

Pandan Misye Trump tap mennen kanpay nan sware mèkredi 10 out 2016 la nan Eta Florid, li deklare:

“Se Prezidan Obama ki te fonde Gwoup Eta Islamik la. Se li-menm menm ki te fonde gwoup sa a. Map repete ankò: li se fondatè Gwoup Eta Islamik la.”

Kandida repibliken an ajoute “

Donald Trump (agoch) epi Hillary Clinton.
Donald Trump (agoch) epi Hillary Clinton.

"Yon lòt ko-fondatè gwoup la, se magouyèz yo rele Hillary Clinton nan.”

Nan le pase deja Donald Trump te akize kandida demokrat la deske li apiye politik ki te debouche sou kreyasyon gwoup islamik la. Sepandan, nan meeting mèkredi a, kandida repibliken an ranfòse kritik li kont administrasyon Obama a e li fè konnen tou gwoup islamik la onore Prezidan Obama.

XS
SM
MD
LG