Accessibility links

Breaking News

Konvansyon Repibliken an Pran Fen – Etazini ap Tann Konvansyon Demokrat la


Donald Trump, kandida ofisyèl pati repibliken an, pandan li tap fè diskou ki mete fen nan konvansyon an nan vil Cleveland, Eta Ohio, jedi 21 jiyè 2016 la. (Foto: Nicolas Pinault/Lavwadlamerik).
Donald Trump, kandida ofisyèl pati repibliken an, pandan li tap fè diskou ki mete fen nan konvansyon an nan vil Cleveland, Eta Ohio, jedi 21 jiyè 2016 la. (Foto: Nicolas Pinault/Lavwadlamerik).

Ozetazuni milyadè nan domèn imobilye a Donald Trump, ki se yon etranje sou sèn politik la, aksepte ofisyèlman nominayson pati repibliken an kom kandida ki pral reprezante l nan eleksyon jeneral novanm 2016 yo kote l ap gen pou l fè fas ak kandida prezime pati demokrat la, Hillary Clinton.

Nan yon diskou Misye Trump pwononse nan fen konvansyon pati repibliken an, nan sware jedi 21 jiyè 2016 la –dènye jounen konvansyon an ki te kòmanse 4 jou anvan sa nan vil Cleveland, nan Eta Ohio-- li pwomèt pou l pote gwo chanjman politik nan peyi a, pou l ede sitwayen yo kreye richès epi pèmèt ameriken yo santi yo gen sekirite lakay yo ankò.

Se pi gwo entèvansyon politik Donald Trump fè jiskaprezan. Youn nan pwen nan diskou a ki atire atansyon anpil obsèvatè, se pati kote li deklare:

“ Ansanm nou pral fè pati nou an retounen nan La Mezon Blanch e nou pral rebay peyi a sekirite ankò, sètadi nou pral kreye pwosperite ak lapè. Nou pral tounen yon peyi ki gen jenerozite e ki akeyi moun ak chalè, men tou li pral tounen yon peyi ki gen yon sekirite piblik ranfòse.”

Pandan Misye Trump tap gade plizyè milye ameriken nan sal kote konvansyon an tap dewoule a, li lanse apèl pou l mande inite nan mitan pati repibliken an aprè yon konvansyon ki te gen kèk pwoblèm nan kòmansman li. Donald Trump lanse kèk atak tou sou rival demokrat li a, ansyen Sekrete Deta Hillary Clinton. Li akize li deske li komèt anpil erè ki lakoz sekirite Lèzetazini menase epi non li makònen ak yon administrasyon ki pa defann enterè peyi a kòmsadwa, sa ki fè prestij Lèzetazini aletranje desann azewo.

Kandida prezime pati demokrat la, Hillary Clinton, ak Senatè Tim Kaine (D-Va), ki tap patisipe nan yon meeting de mas nan vil Annandale, Eta Vijini, nan dat 14 jiyè 2016 la.
Kandida prezime pati demokrat la, Hillary Clinton, ak Senatè Tim Kaine (D-Va), ki tap patisipe nan yon meeting de mas nan vil Annandale, Eta Vijini, nan dat 14 jiyè 2016 la.

Konvansyon pati demokrat la pral kòmanse lendi 25 jiyè 2016 la nan vil Filadèlfi, nan Eta Pennsilvani. Bri ap kouri pou di Madam Clinton pral anonse ofisyèlman, samdi 23 jiyè a nan Eta Florid, li chwazi Senatè Tim Kaine (yon Demokrat Eta Vijini) kòm kolistye li, sètadi kòm kandida pou pòs Vis-Prezidan an. Daprè kèk kòmantatè, kanpay demokrat la chwazi Florid pou anons la, paske se yon eta ki gen anpil elektè ispanofòn epi Misye Kaine konn pale panyòl trè byen.

XS
SM
MD
LG