Accessibility links

Breaking News

Premye Minis Japonè a Eksplime Ankourajman Apre Rankont li ak Prezidan Trump


Prezidan Donald Trump , adwat, ak Premye Minis japonè a Shinzo Abe, agoch, pandan yon rankont nan klèb Mar-a-Lago Mesye Trump la nan Palm Beach, Florid.
Prezidan Donald Trump , adwat, ak Premye Minis japonè a Shinzo Abe, agoch, pandan yon rankont nan klèb Mar-a-Lago Mesye Trump la nan Palm Beach, Florid.

Premye minis japonè a, Shinzo Abe di li santi li ekstrèmeman ankouraje pou konprehansyon Prezidan Donald Trump montre pou yon dosye ki soulve anpil emosyon nan Japon ki se dosye kidnaping ajan Nò koreyen fè sou sitwayen japonè .

Msye Abe kontinye pou l di lidè ameriken an promèt pou l fè tout efo posib pou l rezoud pwoblem nan . Msye Trump kontinye pou l di: "Nap fè negosyasyon kounye a tou pou nou libere 3 sitwayen ameriken ki nan prizon nan Kore di No; men li pat vle di si wi ou non liberasyon yo se yon pre kondisyon anvan li rankontre ak msye Kim.

Prezidan Trump eksprime espwa pou l ta fè chita-pale a ak lidè nò koreyen an disi komansman mwa jen kap vinn la a nan sak sanble ak yon somè san presedan ant dirijan 2 gouvènman ki pa janm genyen okenn relasyon diplomatik.

XS
SM
MD
LG