Accessibility links

Breaking News

"Trujillo, Papa-mwen" Yon Liv Sou Lavi Diktatè a


Yon jij an Repiblik Dominikèn entèdi pitit fi defen diktatè Rafael Leonidas Trujillo Y Molina vann yon liv kote li prezante papa l kòm yon chanpyon nan aksyon imanitè.

Jij Katia Gomez pran desizyon sa a jedi 11 novanm 2010 la kont tout aktivite ki ta ka chache reyabilite peryòd Trujillo a. Jij la di l ap fè boutik Luna --sèl boutik k ap vann liv la nan Santo Domingo-- peye amand chak jou li refize respekte lòd la.

Vrèman vre, yon pitit-fit Tujillo yo rele tou senpleman Angelita, ekri yon liv ki gen pou tit “Trujillo, Papa-mwen” kote manmzèl prezante defen diktatè-a kòm yon moun akeyan e ki gen bon kè .Sepandan, majorite dominiken yo konsidere Trujillo kòm yon nonm ki te ava, renmen lajan anpil, ki pat janm ezite pou l fè san koule, e ki pat tolere okenn opozisyon kèlkeswa.

Rafael Trujillo te dirije Repiblik Dominikèn ant 1930 e 1961, ane kote li te mouri anba men yon asasinen.

XS
SM
MD
LG