Accessibility links

Breaking News

Uganda: Twa Moun Mouri, 33 Blese nan De 'Atak Swisid' nan Kampala


Des personnes éteignent un incendie causé par l'explosion d'une bombe près du bâtiment du Parlement à Kampala, en Ouganda, le 16 novembre 2021.
Des personnes éteignent un incendie causé par l'explosion d'une bombe près du bâtiment du Parlement à Kampala, en Ouganda, le 16 novembre 2021.

De atak swisid touye omwens twa moun ak blese 33 lot Madi nan kapital peyi Uganda. Dapre rapò lapolis, atak la te fèt pa yon gwoup lokal ki lye ak ADF yon rebelyon Islamik ki afilye ak gwoup Eta Islamik (IS) la.

Gouvènman an te deja atribiye atak bonm ki te fèt nan fen mwa Oktòb nan Kampala ak menm Fòs (ADF) sa a.

Eta Islamik la deziyen ADF kòm Provens li nan "Afrik Santral". Nan mwa mas, Etazini te deklare ofisyèlman ke gwoup la gen afilyasyon li ak ISIS.

De eksplozyon yo te fèt ak yon espas twa minit de youn lòt nan Kampala.

Premye atak la te fèt nan yon pòs toupre katye jeneral lapolis. Moun nan te pote bonm nan yon valiz. Dezyèm lan moun lan te "degize tankou chofè taksi motosiklèt" toupre papòt Palman peyi a.

Arestasyon

Lapolis Uganda te arete yon kantite de moun yo sispèk ki manm ADF.

Nan mwa avril 2019, ISIS te kòmanse di ke se yo ki responsab atak ADF yo sou rezo sosyal yo.

Ekspè yo konsidere gwoup ADF sa kòm gwoup pi mòtèl nan rejyon an.

An 2010, de bonm te eksploze nan Kampala kote yo te vize fanatik ki tap gade match final koup du mond lan. Atak sa te touye 76 moun.

Islamis Somalyen Shebab yo te di se yo ki responsab atak la.

XS
SM
MD
LG