COTONOU - Prezidan Patrice Talon ateri nan Ayewopò Kadinal Bernardin Gantin nan Cotonou ak 26 trezò wayal yo, ke peyi Lafrans aksepte pou remèt bay Benen.
Kèk nan zèv sa yo sakre, e lè yo te rive nan Cotonou, yo te transpòte nan palè prezidansyèl la kote yo te òganize yon seremoni solanèl.
Tanbou tap bat epi enstriman mizikal tradisyonèl yo tap jwe nan moman plizyè santèn Beninois ki soti toupatou nan peyi a tap suiv. Granmoun ak timoun, te abiye ak rad tradisyonèl peyi Benen.
Pami trezò ki remèt yo, genyen estati ki soti nan ansyen wayòm Abomey la ansanm ak fotèy wa Béhanzin, ke twoup kolonyal franse an 1892 yo te piye.
Trezò sa yo retounen nan peyi Benen apre 130 ane.