Accessibility links

Breaking News

Etazini: Mobilizasyon Nasyonal Aprè Lanmò Trayvon Martin


Etazini: Mobilizasyon Nasyonal Aprè Lanmò Trayvon Martin
Etazini: Mobilizasyon Nasyonal Aprè Lanmò Trayvon Martin

Jedi 22 mas 2012, yon gwoup etidyan reyini sou campus Inivèsite Howard la nan Washington D.C. Bi rasanbleman sa a: onore memwa yon jèn gason afwo ameriken 17 tan ki pèdi lavi l nan fen mwa fevriye a anba bal yon sèten George Zimmerman, yon eleman ras panyòl, ki deklare tèt li brigad vijilans Sanford, yon ti bouk Eta Florid.

Jou swa sa a, Trayvon Martin te sòt achte yon boutèy te glase ak yon sache sirèt “skittles” nan yon “dépanneuse” anvan l al gade yon match baskètbòl lakay li. E pandan Martin t ap pase nan kominote pwoteje Sanford, Zimmerman te apèsi l avèk yon chanday toudinnpyès e ak yon kapichon sou tèt li paske te gen yon ti seren lapli aswè sa a.

Zimmerman te deside abòde jènonm nan ki, nan lespri li, te parèt "sispèk" e li telefone lapolis pou di li wè yon eleman "dwòl" nan katye a e ke l ap suiv li, menm lè operatè 911 ki te reponn li a te di l non li pa bezwen fè sa. Malgre sa, Zimmerman te desann machin li pou l al mande Martin sa lap fè nan katye a ? 5 minit aprè, vwazinaj tande yon moun ap rele "osekou !" e yon kout zam pati...la menm Martin te gen tan blayi tèt nwè, 2 pye long, nan lari a.

Sa fè yon mwa depi ensidan sa a pase e lapolis nan Sanford poko janm arete Zimmerman pou krim li komèt la paske li di se defann li t ap defann tèt li. Eta Florid gen yon lwa ki rele “Stand your Grounds”, sètadi, yon lwa ki bay yon moun dwa pwoteje tèt li ak espas kote l ap viv la si l santi l andanje. Men apre lapolis pibliye anrejistreman kote Zimmerman ap di se mache li wè Martin ap mache, plis yon lòt anrejistreman kote rezidan katye a telefone lapolis pou di yo tande yon moun ap rele anmwe, osekou, endiyasyon ak pwotestasyon gaye atravè Etazini pou fason lapolis trete George Zimmerman e pou jan misye touye Martín nan.

Yon gwoup etidyan ak fakilte te reyini sou campus Inivèsite Howard la nan Washington pou komemore memwa Trayvon Martin
Yon gwoup etidyan ak fakilte te reyini sou campus Inivèsite Howard la nan Washington pou komemore memwa Trayvon Martin

Plizyè temwen di se vwa Martin yo te tande ap rele anmwe jou swa 26 fevriye sa a. Men lapolis di yo pa ka pwouve sa...

Vrèmanvre, nan youn nan anrejistreman yo, ou ka tande yon moun k ap rele osekou, osekou ! epi apre yon kout zam, epi yon silans.
Evènman trajik sa a, kreye yon gwo mouvman leve kanpe Ozetazini kote plizyè milye moun ap reklame jistis pou Trayvon Martin paske lapolis pa menm eseye entèpele Zimmerman pou kesyonnen l apre ensidan an.

Rasanbleman aprè midi 22 mas sou campus Inivèsite Howard la, nan Washington, D.C, antre nan kad “leve kanpe” sa a. Etidyan yo te reyini anba “ma drapo” inivèsite a avèk sache sirèt Skittles, boutèy te glase (Iced Tea), chanday toudinnpyès ak kapichon sou tèt yo pou mande otorite yo "eske yo part "sispèk" menm jan Trayvon Martin te parèt “sispèk” nan je Zimmerman jou li te jwenn lanmò l anba bal nan Sanford, Eta Florid la ? ".

Salihah Salaam, yon etidyant pran lapawòl pou di: “Mwen la a jodi a paske fòk Trayvon Martin jwenn jistis. Li pa nòmal ditou pou l mouri depi yon mwa epi pa gen anyen ki fèt pou arete moun ki touye l la”.

Antanke Ayisyèn—e sa ka valab pou plizyè milye lòt jèn Ayisyen ki antre Ozetazini—mwen sonje paran m te konn ap di m “ou pap vinn konpòte w menm jan ak nwa ameriken sa yo, non ! oubyen “lè w sòt lekòl, rantre lakay w pou malè pa rive w nan lari a”. Nan epòk la, mwen pat fin konprann sa “pinga”, sa avètisman sa a te vle di.

Jodi a, mwen konprann lè yon paran ap di pawòl sa yo se pwoteje l ap eseye pwoteje pitit li kont yon sosyete ki pa wè Nwa byen, ki pa wè Nwa yon fason pozitif—yon sosyete kote si yon jèn afwo-ameriken vle viv long li oblije mache sou "13 pou l pa pile 14 li."

Siman, anpil paran apre dram Trayvon Martin nan ap di pitit yo: “nou wè sa m tap di n la”, nou wè li ? Mwen, sa m ap di paran sa yo, sa k rive Trayvon Martin nan ka rive nenpòt moun.
Florid gen yon gwo kominote ayisyen e ensidan Martin nan ka rive tou e ka repete nan kominote pa nou an si sitwayen yo pa rele “otan”, si yo pa mande “jistis”.

Trayvon Martin pat jwenn lanmòl paske li te nan gang, paske l te nan vagabondaj, ni paske li t ap mache ak pantalon l sou dèyè l ou paske li te gen yon kapichon nan tèt li. Martin pèdi lavi l pandan l te sòt achte yon te glase ak yon pake sirèt.

Joseph Reaves, youn nan etidyan ki t ap patisipe nan rasanbleman an, di “evenman ki pase la a montre m nou pa an sekirite. Vann nan louvri ! Kò nou ak vi nou pa gen vale…nou anba atak ”.

Reaves kontinye pou l di "li bouke” menm jan ak anpil lòt afwo ameriken Ozetazini... li fatige ak tout vyolans k ap fèt yo, sitou vyolans kont jèn yo.

Sou Campus Inivèsite Howard la nan Washington, DC, etidyan yo di NON kont injistis kont Nwa yo Ozetazini. NON kont gang ak vyolans, NON kont inegalite.

Etazini: Mobilizasyon Nasyonal Aprè Lanmò Trayvon Martin
Etazini: Mobilizasyon Nasyonal Aprè Lanmò Trayvon Martin

Inivèsitè yo di yo vle jistis pou Trayvon Martin, e ke batay la pap ret la a. Se yon batay ki fèk kòmanse. Pou sa, yo deside mete tèt yo ansanm pou yon ensidan konsa pa repete ankò nan peyi a. Yo di yo pa vle wè yon lòt "trajedi Trayvon Martin".

Daniel Cokes, Mesye Howard University 2011-2012, deklare:“ensidan konsa rive kote lalwa ankouraje kalte atitid sa a e pwoteje moun k ap manipile mòd konpòtman sa a ”.

Etidyan yo deklare yo pap fèmen je yo toutotan yo pa jwenn jistis pou Trayvon Martin e ke yo pap kite yon lòt enjistis konsa pase nan kominote a. Cokes deklare: Nwa, Blan, Wouj, vèt ou jòn (kèlkeswa koulè po ou) sa k rive Trayvon Martin nan pat dwe rive, paske li pat fè anyen pou l merite sò sa a.

Corynn Freeman se yon etidyant fakilte de dwa Inivesite Howard la. Li anonse yo pral òganize yon gwo pwotestasyon nan Washington 7 avril k ap vini la a pou kontinye reklame jistis pou Martin e pou lapolis arete asasen li a.

Prezidan Ameriken an Barack Obama (ki se yon nwa) pase plizyè jou san fè oken komantè sou dram Trayvon Martin nan. Men nan maten vandredi 23 mas 2012 la li fè yon deklarasyon kote li di: “Si m te gen yon pitit gason, li t ap sanble ak Trayvon Martin.” Yon deklarasyon lou e ki chaje sans lè li sòti nan bouch prezidan repiblik amerikèn nan.

XS
SM
MD
LG