Travayè magazen kafe Starbucks yo nan plis pase 100 magazen Ozetazini fè grèv Jedi.
Se pi gwo aksyon an favè sendika travay ki fèt nan kad yon kanpay pou mete anplwaye Starbucks yo anba pwoteksyon yon sendika travay. Jefò a te tanmen ane pase a.
Grèv yo kowenside ak jounen anyèl tas wouj Starbucks la, ki se jou kote konpayi a remèt bay kliyan yo tas wouj gratis ke yo ka sèvi lè yo komande yon kafe espesyal pou sezon fèt la.
Travayè yo di souvan se peryòd ane a kote gen plis kiliyan. Yo di yap chache pi bon salè, orè fiks ak plis anplwaye.
Starbucks opoze jefò pou yon sendika ta reprezante anplwaye yo.
Konpayi an, ki gen katye jeneral li nan Seattle, eta Washington, gen plis pase 9,000 anplwaye toupatou Ozetazini.