Accessibility links

Breaking News

Yon Tranblemanntè 7,1 nan Chili Dimanch 2 Janvye 2011 la


Yon Tranblemanntè 7,1 nan Chili Dimanch 2 Janvye 2011 la
Yon Tranblemanntè 7,1 nan Chili Dimanch 2 Janvye 2011 la

Yon tranblemanntè pwisan ki mezire 7,1 sou echèl Richter la souke sant peyi Chili dimanch 2 janvye 2011 la, men responsab yo pa rapòte okenn viktim ni gwo domaj. Dapre jewològ ameriken yo, sant soukous la te nan Oseyan Pasifik la sou yon distans 70 kilomèt o nòdwès vil Temuco, nan rejyon Araucania.

Otorite chilyen yo di plizyè milye moun ki te panike te sonje yon tranblemanntè ki te frape peyi a ane pase a; li te mezire 8,8 e li te lakoz yon sounami ki te touye plis pase 5 mil moun nan mwa fevriye 2010 la.

Yon souvni ki te pouse moun yo kouri monte nan rejyon ki pi wo nan peyi a, paske yo te pè pou yo pa t viktim yon lòt sounami. Tranblemanntè dimanch la pwovoke blakawout e koupe kab telefòn nan plizyè rejyion kote soukous la pase.

XS
SM
MD
LG