Nan pati sidès peyi Tiki, sekouris ap fouye anba debri lendi 24 oktòb 2011 la pou yo eseye jwenn moun ki ta vivan toujou aprè yon tranblemanntè ki touye 217 moun pou pi piti e blese plis pase mil lòt. Pami sekouris sa yo, genyen ekip ki sòti tou patou nan peyi a e kap chache kadav plizyè douzèn moun ki plati anba kay ak gwo building ki kraze nan gwo soukous la ki frape Tiki dimanch 23 oktòb la e ki mezire 7,2 sou echèl Richter a. Kote tranblemanntè a fè plis dega se vil Van ak Erics. Minis enteryè tik la, Idris Naim Sahin, di :
“120 moun mouri nan vil Van, pi presizeman nan sant vil la, tandiske gen 100 ki mouri nan Erics. 350 moun blese nan vil Van e nou anrejistre anviwon 740 blese nan Erics.”
Genyen plizyè ti soukous dèyè manman ki pase aprè tranblemanntè a; pami yo, genyen youn ki mezire 6, 1 sou echèl Richter a. Anpil moun kap viv nan vil Erics pase nuit la alabèletwal, nan lari, alantou kèk gwo dife yo te limen pou chofe kò yo, pandan gwoup sekouris yo tap distribiye manje ak tant.
Youn nan viktim yo di Lavwadlamerik kijan sa te ye nan nuit la. Li deklare :
"Li te fè frèt anpil isit la yè swa. Sete yon move nuit nèt. Se jele moun tap jele; nou pa konnen kisa n pral fè nan jou kap vini la yo."
Anpil peyi -pami yo nou jwenn Lèzetazini ak izrayèl- deja ofri Tiki asistans yo. Prezidan ameriken an, Barack Obama, ki tap pale de trajedi a yè dimanch la, di Washington ap swiv nouvèl sou tranblemanntè a avèk anpil pre-okipasyon e Lèzetazini pral rete kanpe kòtakòt ak Tiki pandan peyi sa a ap travèse yon moman si difisil.