Accessibility links

Breaking News

Entènasyonal: Yon Tranblemantè 7. 8 ak yon Soukous Rebondisman Kreye Panik nan Nouvèl Zeland


 Dega tranblemantè a Nouvèl Zeland
Dega tranblemantè a Nouvèl Zeland

Yon kokenn soukous rebondisman frape Zile Sid Nouvèl Zeland lendi 14 novanm 2016 la, sèlman kèk èd-tan apre yon yon konnen goudou-goudou fin frape l ak yon fòs 7.8.

Mi yon ansyen legliz apre tranblemamtè a nan Waiau, Nouvèl Zeland, 14 novanm 2016.
Mi yon ansyen legliz apre tranblemamtè a nan Waiau, Nouvèl Zeland, 14 novanm 2016.

Yon baraj idro-elektrik te bloke flèv Clarence jiskaske baraj sa a te kraze, sak te voye yon miray dlo desann ansanm ak flèv la, e fòse moun kouri al rete nan zòn ki pi wo.

Moun otorite yo evakye ki rasanble deyò yon otèl nan Wellington apre soukous tranblemantè a nan Cheviot peyi Nouvèl Zeland, 14 novanm 2016.
Moun otorite yo evakye ki rasanble deyò yon otèl nan Wellington apre soukous tranblemantè a nan Cheviot peyi Nouvèl Zeland, 14 novanm 2016.

Minis Defans Sivil peyi sila a, Gerry Brownlee, di bilan dega deja monte a 2 milya dola e dapre li reparasyon yo pwal pran plizyè mwa travay.

John Kirby, yon pòtpawol Sekretè Deta ameriken an John Kerry, fè konnen chèf diplomasi Etazini an pwomèt Minis Afè Etranjè Nouvel Zeland la, Murray McCully “kèlkeswa asistans peyi li a ta bezwen."

XS
SM
MD
LG