Accessibility links

Breaking News

Plis Pase 100 Manm Kongrè Ameriken an Mande Administrasyon Trump la Renouvle TPS pou Salvadoryen, Ondiryen ak Ayisyen


CASA de Maryland, yon òganizasyon kap defann dwa imigran kap pwoteste devan Lamezon Blanch pou mande renouvle TPS pou
CASA de Maryland, yon òganizasyon kap defann dwa imigran kap pwoteste devan Lamezon Blanch pou mande renouvle TPS pou

Palmante yo fè apèl ak Sekretè Deta Mike Pompeo pou l retounen sou desizyon politik adminisrasyon Trump la te pran pou l mete fen nan Pwoteksyon Stati Tanporè, TPS, pou pou anvion 262.000 Salvadoryen, 86.000 Ondiryen ak 58.000 Ayisyen kap viv Ozetazini.

Senatè Bob Menndez, yon Demokrat ki reprezante eta New Jersey a e ki se manm komite afè etranjè chanm wot la nan Kongrè a, ak Depite Eliot Engel, yon lòt Demokrat ki reprezante New York, manm afè etranje nan cham bas la, mete ansanm ak anviyon 110 palmantè jedi 2 out 2018 la pou mande administrasyon Trump lan restore Stati Pwoteksyon Tanpore, TPS pou plizye milye sitwayen ayisyen, ondiryen ak salvadoryne.

Palmantè yo fè konnen depòte imigran sa yo an mas kapab kreye yon pwoblèm pou tout rejyon amerik la. Palmante yo, Repibliken ak Demokrat di tou ansyen minis afè etranjè a Rex Tillerson te inyore enpak depotasyon imigran TPS yo kapab genyen sou separasyon ant paran ak timoun imigran sa yo ki anpil nan yo se sitwayen ameriken.

XS
SM
MD
LG