Ozetazini, nan yon vòt 9 kont 0 ki dewoule nan jounen lendi 7 jen 2021 an, manm Kou Siprèm nan pran yon desizyon kote yo fè konnen plizyè milye imigran ki te antre ilegalman nan peyi a e ki benefisye de TPS (Estati Pwoteksyon Pwovizwa) pou rezon imanitè, pa kalifye pou yo jwenn rezidans pèmanan nan peyi a. Jij Elena Kagan, youn nan manm tribinal siperyè a ki te prepare agiman legal la, ekri pou l di:
“Lwa imigrasyon Lèzetazini yo pa pèmèt
yon moun ki te antre nan peyi a yon fason illegal chache gen rezidans pèmanan, menm si moun sa a deja benefisye de TPS.”
Desizyon pi gwo tribinal ameriken an pwovoke reyaksyon nan, antwòt, sektè militan k ap defann dwa imigran yo. Youn nan gwoup militan sa yo se òganizasyon FANM (Family Action Network Movemant, ansyen Fanm Ayisyen nan Miami) ki baze nan Miami, nan pati sid Florid, e ki pibliye yon kominike kote li lanse apèl bay 2 senatè eta a nan Kongrè ameriken an, Marco Rubio ak Rick Scott, pou mande yo prese pase alaksyon pou yo pèmèt moun ki posede TPS yo jwenn yon pwoteksyon pemanan kont tout aksyon sèvis imigrasyon. Kominike a di:
<< Lidè ayisyen ak venezuelyen ak lidè lòt peyi ki benefisye de TPS yo pare pou yo prezante yon konferans pou laprès madi 8 jen 2021 an pou yo fè deba sou desizyon lendi a. Yè lendi a, Kou Siprèm nan pran yon desizyon kote li di kèk nan plizyè milye refijye k ap chache azil kont vyolans ak lòt kalte katastwòf, kapab pa kalifye pou yo aplike pou rezidans pemanan. Malgre desizyon an pa mete pwogram TPS la an danje, kèk nan moun ki posede estati sa a byen kapab oblije retounen nan peyi yo pa lafòs, alòske y ap chache pwoteksyon kont retou sa a; se pou sa y ap chache jwenn yon entèvyou ak yon konsil ameriken. Se yon desizyon ki non seèlman mete moun sa yo an danje, men sa kapab fè yo pèdi chans pou yo gen green card la. Jodi a plis ke jamè, li enpòtan anpil-a
npil pou otorite eli nou yo, espesyalman Senator Marco Rubio ak Rick Scott, sipòte yon mwayen ki kapab pèmèt tout moun ki posede TPS jwenn yon wout ki debouche sou rezidans pèmanan an; e pou yo fe sa, yo dwe vote lejislasyon ki rele “Secure Act” la. >>
Sèvis Kreyòl Lavwadlamerik la pwopoze entènòt yo suiv yon entèvyou kolaboratè nou Serge Rodriguez fè avèk Phillip Berns, yon avoka imigrasyon ki baze nan vil Stamford, nan Eta Konektikit, sou aksyon Kou Siprèm nan. Mèt Berns eksplike tout aspè desizyon an e li pale de konsekans sa kapab genyen non sèlman pou imigran ayisyen, men pou tout etranje ki posede TPS e ki te antre ilegalman sou teritwa ameriken an.