Accessibility links

Breaking News

Natacha Clerger, yon Eli Ayisyen-Ameriken Pwomèt Sipò li nan Demach pou TPS la


Natacha Clerger, Konseye Minisipal Ekstraòdinè eta Massachusetts, Etazini.
Natacha Clerger, Konseye Minisipal Ekstraòdinè eta Massachusetts, Etazini.

Isit Ozetazini, dosye renouvèlman stati pwoteksyon tanporè a (TPS) pou anpil imigran ki soti nan rejyon Amerik Santral la, e patikilyèman ann Ayiti, pa sispann okipe aktyalite a.

Nan kontèks sa a, anpil militan ayisyen, reprezantan gouvènman peyi Dayiti, san bliye eli lokal ayisyano-amerikèn yo pote kole nan nan batay pou TPS anfavè resòtisan ayisyen ki Ozetazni yo.

Youn ladan yo, se Natacha Clerger, yon nouvo eli lokal nan eta Massachussetts ki te abòde dosye TPS la nan mikwo Serge Rodriguez.

Klike sou lyen odyo a pou w tande deklarasyon Konseye Minisipal Ekstraòdinè Massachusetts la sou Lavwadlamerik.

Natacha Clerger
please wait

No media source currently available

0:00 0:01:55 0:00

Depatman Sekirite Teritoryal ameriken an gen pou l pran yon desizyon sou dosye TPS la pou imigran ayisyen ki te deja genyen l yo nan mwa novanm 2017 la. Sepandan toujou gen yon ensètitid pou konnen si wi ou non yo pral pwolonje li pou ayisyen yo. Paske jan nouvèl administrasyon amerikèn nan te deja fè konnen li an, TPS la se yon pwogram tanporè jan mo a endike li a "tanporè" e ale pou vini yap fini pa mete fen ladan.

Toufwa anpil nan moun kap sipòte TPS la pou Ayiti yo, menm jan ak Anbasadè Ayiti nan Washington Paul Altidor, fè kwè li a peyi a poko pare pou l resevwa plis pase 50 mil resòtisan li kap viv ap stati tanporè a Ozetazini. TPS la administrasyon Trump la te renouvle pou Ayiti pou 6 mwa ap rive nan bout li 22 janvye 2018.

XS
SM
MD
LG